Bertony Paul se yon ekriven ayisyen ki te pran nesans nan vil Verrettes, nan rejyon Latibonit la. Misye Paul, kap etidye aktyèlman Ozetazini, se yon anseyan e yon powèt kap travay ak yon seri jèn ayisyen li ankadre ; li montre yo kouman yo kapab itil tèt yo ak sosyete kote yap viv la.
Bertony Paul devlope yon filozofi, yon pwogram ki chita sou 3 pilye : Travay, Obeyi ak Renmen (abreje anglè a se « WOLOVE ». « W” pou Work (travay) ; “O” pou Obey (obeyi ) ak “Love” ki vle di “renmen”.
Jacquelin Belizaire te akeyi Bertony Paul nan pwogram Pawol Timoun kote envite a pataje eksperyans li fè ak yon gwoup timoun nan Verrettes. Jounen Jodi a timoun sa yo genyen pwòp jaden yo e yo menm fè komès ak rekòlt yo. Klike sou ralonj aba atik sa a pou tande entèviou a.