Lidè peyi G-20 yo pibliye yon plan kote yo pran angajman pou yo ajoute plis pase 2 trilyon dola sou pwodui enteryè bri mondyal la nan 5 kan kap vini la yo. Pou yo reyalize objetif sa a, yo pral fè envestisman nan enfrastrikti epi ranfòse sistèm mache lib la. Yo pran angajman tou pou yo pote kowoperasyon yo nan efò kap fèt pou konbat chanjman klimatik yo epi kore aksyon entènasyonal ki nesesè pou fè fas ak epidemi ebola a nan Afrik de Lwès.
Premye Minis ostralyen an, Tony Abbott, te pale nan fen somè a, ki dewoule nan vil Brisbane samdi ak dimanch 15 ak 16 novanm 2014 la, pou l te bay detay sou sa k di nan rezolisyon final la. Misye Abbott fè konnen:
“Ane sa a, Somè G-20 an debouche sou kèk rezilta reyèl e pratik; e gras ak efò G-20 an reyalize, pèp atravè lemond pral konnen yon alemye e se sa ki te objektif nou ane sa a.”
Prezidan ameriken an, Barack Obama, bò kote pa l, fè konnen pwogrè ki fèt nan Somè G-20 an pral pèmèt Lèzetazini kreye plis travay lakay li, sa pral pèmèt nou genyen yon planet ki pi pwòp e kote moun gen yon pi bòn santé epi pral gen pwogrè nan efò pou sove lavi non sèlman nan rejyon Afrik de Lwès la, men tou anpil lòt kote nan lemond.
Premye Minis britanik la, David Cameron, li menm, deklare nan moman Lèzetazini ak La Grand Bretay reprezante 2 nan pi gwo ekonomik mondyal yo, se tout peyi-manm G-20 yo ki fèt pou aplike desizyon yo pran nan Brisbane yo si yo vle wè pwogrè fèt nan ekonomi mondyal la. Misye Camerom di:
”Mwen panse si tout peyi ki vini la yo fè egzatteman sa yo pwomèt yo pral fè a --sètadi, ede ekonomi mondyal la pwogrese gras, antwòt, ak siyati akò nou anonse yo-- alòs, nou ka wè pwogrè kontinye fèt tout bon. Men, mwen dwe di nou pa kapab kwaze bra nou epi di nou fin fè devwa nou, paske tou senpleman nou travay di deja pou n gen yon ekonomi kap avanse. Nou dwe konnen genyen gwo menas ak gwo defi sou chemen an toujou.”
Gwoup G-20 an --ki reprezante 85% ekonomi mondyal la-- fè fas ak yon ralantisman ekonomik nan peyi tankou Lachin ak Japon. Epi, sou kontiman ewopeyen an, Zòn Ewo a sanble li sou wout pou l tonbe nan yon lòt resesyon.