Accessibility links

Breaking News

Meksik – Vyolans nan Manifestasyon Etidyan


Ponpye ap eseye touye dife ki tap boule machin an fas palman Eta Guerrero. Se pwofesè etidyan kap pwoteste yo ki te mete dife nan machin sa yo nan kapital Eta a, Chilpancingo. Foto: 12 novanm 2014.
Ponpye ap eseye touye dife ki tap boule machin an fas palman Eta Guerrero. Se pwofesè etidyan kap pwoteste yo ki te mete dife nan machin sa yo nan kapital Eta a, Chilpancingo. Foto: 12 novanm 2014.

O Meksik, manifestan mete dife nan palman Eta Guerrero, ki nan pati sid peyi a, alòske yon mouvman pwotestasyon kontinye ap vale teren akoz disparisyon 43 etidyan. Otorite nan vil Chilpancingo, kapital Eta a, di manifestanyo mete dife nan chanm kote palmantè yo abitye fè sesyon yo. Yo mete dufe tou nan lokal depatman edikasyon Guerrero a.

Gwo mouvman leve-kanpe pete atravè tout peyi Meksik depi etudyan yo te disparèt nan dat 26 septanm pase a nan vil Iguala. Minis jistis la, Jesus Murillo, te di gen prèv ki montre la polis lokal te rasanble etidyan yo epi yo te transfere yo bay yon gang dwòg kap opere nan rejyon an e ki rele Fuerreros Unidos. Gang sa a ta swadizan touye etidyan yo, boule kadav yo epi voye sann kadav yo nan yon rivyè. Plizyè douzèn moun jwenn arestasyon yo nan kad ankèt ki fèt sou kidnapping sa yo – pami moun ki tonbe anba men lapolis yo gen kèk manb gang Guerreros Unidos- la, mete sou plis pase 2 douzèn polisye ak majistra vil Iguala a --ke yo revoke-- ak tout madanm ni.

XS
SM
MD
LG