Accessibility links

Breaking News

Jounen Istorik pou Eksplorasyon Lespas : Sond Espasyal Philae Desann sou yon Komèt


Yon sond espasyal ki fè pati Misyon Rosetta a desann san pwoblèm sou Komèt 67P/Churyumov-Gerasimenko
Yon sond espasyal ki fè pati Misyon Rosetta a desann san pwoblèm sou Komèt 67P/Churyumov-Gerasimenko

Eksplorasyon Lespas fè listwa mèkredi 12 novanm 2014 la avèk desant yon aparèy sou yon komèt… Se ajans espasyal ewopeyen an ki reyalize eksplwa sa a aprè sond Philae fin poze sou yon komèt ki rele Komèt 67P/Churymov/Gerasimenko.

Sond la pase te plizyè jou ann òbit otou komèt la aprè li te detache ak navèt espasyal ewopeyen Rossetta ki te ale avèk li nan lespas. Daprè Jean Jacques Dordain, direktè jeneral Misyon Rosetta a, se yon gwo kokenn chenn reyalizasyon pou lòm ak lasyans. Misye Dordain di :

« Se yon gwo pa an avan pou sivilizasyon imèn nan ; e, puiske se rezilta lasyans, se efò savan ak konesans savan, san di pètèt se entèlijans lèzòm kap travay. Se sa ki fè diferans la. »

Kontwolè kap travay nan sant operasyon Ajans Espasyal Ewòpeyen an ki baze nan peyi Lalmay, konfime sond la, ki te dekole sou navèt espasyal Rosetta, desann san pwoblèm sou komèt la ki twouve l sou yon distans 400 milyon kilomèt ak latè. Aparèy la deja kòmanse voye imaj bay sant espasyal la.

XS
SM
MD
LG