Accessibility links

Breaking News

Ayiti/Move Tan: Lapli Kontinye Pwovoke Inondasyon nan Divès Depatman.


Lapli k ap tonbe san rete depi kèk jou afekte plizyè depatman nan peyi d Ayiti
Lapli k ap tonbe san rete depi kèk jou afekte plizyè depatman nan peyi d Ayiti

Ann Ayiti, lapli ki pa sispann tonbe depi plizyè jou pwovoke inondasyon e fè anpil dega nan divès depatman. Plizyè milye fanmi pa gen kote pou yo rete. Otorite lokal yo mande asistans gouvènman santral la pou ede sinistre yo. Semèn pase a, gouvènman an te anonse li debloke 34 milyon goud pou asiste viktim nan 4 depatman --Lwès, Nò, Nòdès ak Nòdwès.

Yon lòt kote, lapli ki tonbe semèn sa a nan Depatman Sid ak Nip inonde plizyè kay, detwi jaden peyizan yo tandiske gen plizyè bèt ki mouri. Direktè Sant Nasyonal Metewoloji Ayisyen an, Ronald Semelfort, di lapli pral kontinye tonbe sou Gran Sid la nan jou k ap vini la yo. Misye Semelfort mande popilasyon k ap viv nan zòn a-risk yo pran anpil prekosyon.

Nouvèl Ayiti -mèkredi 12 Novanm 2014
please wait

No media source currently available

0:00 0:08:59 0:00
Direct link

Sou plan politik la, seri konsiltasyon ant Prezidan Michel Martelly ak opozisyon an ap kontinye pandan jounen mèkredi 12 novanm 2014 la. Lidè ayisyen an ap rankontre lidè pati politik RESPÈ e òmdafè Charles-Henry Backer ak ansyen senatè Gabriel Fortune (Sid) pou Misye Martelly chache konnen pozisyon yo sou kriz peyi a ap travèse a. Rankont sa yo ap dewoule san reprezantan 6 prensipal pati politik opozisyon an ki rejte envitasyon Prezidan Martelly pou yo patisipe nan konsiltasyon yo. Pouvwa ekzekitif la te lanse envitasyon bay Mouvman Patriyotik Opozisyon Demokratik la (MOPOD), Fizyon Sosyo Demokrat yo, Pati Fanmi Lavalas, Kontra Pèp la, Inite ak Pati Ayisyen pou Ayiti. Pati sa yo, eksepte Fanmi Lavalas, te ekri Misye Martelly yon lèt pou mete devan l yon kont pwopozisyon ki mande fòmasyon yon komisyon ki pou chita ak yo pou prepare kalandriye diskisyon yo avan yo rankontre ak prezidan an dirèkteman.

XS
SM
MD
LG