Accessibility links

Breaking News

Kanada pa gen Plas pou Gason ki Marye ak Plizyè Fi


Gouvènman kanadyen an ap anvizaje adopsyon yon lwa ki ka entèdi imigran ki gen plizyè madanm (poligami) antre o Kanada. Yon pwojè lwa nan sans sa a antre devan sena a mèkredi 5 novanm nan; lejislasyon sa a baze sou yon prensip nou jwenn nan yon lwa kanadyèn ki rele “Lwa zewo tolerans gouvènman an kont pratik kiltirèl barbar e sovaj.”

Nan yon nòt minis imigrasyon kanadyen an, Chris Alexander, pibliye sou entènèt la, li deklare:

« Lwa sa a pral voye yon mesaj klè pou di: Pratik tankou maryaj fòse e ki fèt anvan lamarye genyen laj pou sa, zak-vyolans tankou asasina yon sè oubyen yon kouzin ki ensent san l pa marye pou vanje ou sove lonè lafanmi, pratik tankou yon nèg ki marye ak pliyzè fi… tou sa se bagay Kanada pap tolere.”

XS
SM
MD
LG