Accessibility links

Breaking News

5 Moun Pou Pipiti Mouri nan Inondasyon Ki Frape 4 Depatman Peyi Dayiti


Yon tibato chaje ak sinistre inondasyon an nan Kap Ayisyen (Foto Canos Garnier Afilye Sèvis Kreyòl la)
Yon tibato chaje ak sinistre inondasyon an nan Kap Ayisyen (Foto Canos Garnier Afilye Sèvis Kreyòl la)

Ann Ayiti, gouvènman an debloke 34 milyon goud pou asiste viktim inondasyon ki frape 4 depatman peyi a (Nò, Nòdwès, Nòdès ak Lwès) dapre deklarasyon Premye Minis Laurent fè nan laprès madi 4 novanm nan. Lapli, k ap tonbe depi plizyè jou, touye 5 moun pou pipiti selon yon bilan pwovizwa responsab biwo pwoteksyon sivil lokal ak rejyonal. Yon delegasyon, ki gen nan tèt li minis enteryè ak Kolektivite Teritoryal la Reginald Delva, ale nan Kap Ayisyen pou evalye dega inondasyon an fè nan 2ièm pi gran vil peyi a. Premye Minis Lamothe ap pran tèt yon lòt delegasyon jedi 6 oktòb la pou al vizite zòn sinistre yo. Dapre chif otorite yo pibliye gen plizyè milye fanmi ki viktim nan katastròf la.

Nouvèl Ayiti -mèkredi 5 Novanm 2014
please wait

No media source currently available

0:00 0:08:37 0:00
Direct link

Sou plan politik, 2 manm Konsèy Elektoral Pwovizwa ayisyen an te pami responsab elektoral lòt peyi Federasyon Entènasyonal Sistèm Elektoral la ( IFES) envite vinn swiv dewoulman eleksyon mi-manda ameriken an. Mada m Yolette Mengual, manm enstitisyon elektoral la ak direktè egzekitif George Mosler ki t ap reponn kesyon Lavwa Dlamerik, fè konnen pwosesis elektoral ayisyen an gen 2 volè: yon volè teknik k ap mache trè byen ak yon volè politik ki gen pwoblèm.

XS
SM
MD
LG