Accessibility links

Breaking News

Konsèy Sekirite Nasyon Zini an Renouvle Manda MINUSTAH a Pou 12 Mwa


Sòlda kask ble Nasyonzini yo (MINUSTHA).- Foto achiv.
Sòlda kask ble Nasyonzini yo (MINUSTHA).- Foto achiv.

Tout manm Konsèy Sekirite Nasyonzini an, san manke youn, vote pou adopte rezolisyon 2180 (2014) pou pwolonje pou jis oktòb 2015 manda Misyon Nasyonzini pou Stabilizasyon Ayiti a (MINUSTAH). Konsèy Sekirite a pran desizyon sa a sou rekòmandasyon Sekretè Jeneral Ban Ki-moon. Nan yon nòt pou laprès Konsèy Sekirite a pibliye nan dat 14 oktòb 2014 la, li eksprime gwo enkyetid li devan reta ki genyen nan òganizasyon eleksyon nan peyi d Ayiti. Konsèy la lanse yon apèl bay pati konsène yo pou l mande yo chache jwenn yon antant pou eleksyon lejislatif pasyèl ak lokal yo dewoule anvan lontan. Konsèy la mande MINUSTAH kontinye kowòdone asistans entènasyonal ki nesesè pou gouvènman ayisyen an kapab òganize eleksyon lib, onèt e transparan avèk patisipasyon tout sektè.

Nouvèl Ayiti -mèkredi 15 oktòb 2014
please wait

No media source currently available

0:00 0:08:56 0:00
Direct link

Pou sa ki gen rapò ak pèsonèl militè MINUSTAH a -e toujou pou aplike rekòmandasyon Sekretè Jeneral Ban Ki-moon- Konsèy la deside redui efektif la kap sòti nan 5021 manm pou desann rive nan 2370 o-maksimòm; men pap gen chanjman nan efektif kò polis la kote chif la ap rete sa li ye jounen jodi a, swa 2601 manm.

Konsèy Sekirite a ensiste ankò sou wòl enpòtan Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) ap jwe nan efò pou garanti sekirite ak stabilite nan peyi a pandan li atire atansyon sou nesesite pou enstitisyon polisyè a apiye travay kap fèt pou tabli eta-de-dwa nan peyi a, tankou sistèm judisyè a ak sistèm koreksyonèl la. Se poutèt sa Konsèy la mande MINUSTAH kontinye ranfòse kapasite enstitisyonèl ak operasyonèl Polis Nasyonal la, ki se youn nan prensipal travay misyon entènasyonal la. An plis de sa, Konsèy Sekirite a ankouraje otorite ayisyen yo kontinye fè refòm nan sistèm jistis la; pou yo fè sa, yo dwe, antwòt, ranfòse apui yap bay Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a pou asire endepandans ak efikasite enstitisyon jidisyè yo epi chache rezoud pwoblèm detansyon prevantif pwolonje a ak afè twòp moun ki genyen nan prizon yo.

Konsèy la reyafime volè dwamoun ki nan manda misyon an kòm yon pati esansyèl nan travay MINUSTAH e li lanse apèl bay Ekip Peyi Manm Nasyonzini yo ak lòt patnè entènasyonal yo pou yo kore operasyon gouvènman ayisyen an deja lanse nan domèn sekirite ak devlopman an gras ak apui MINUSTAH.

--------------------------------------------------------------------------------------

Yon lòt kote, Prezidan Michel Martelly rankontre ak ansyen Prezidan Rene Preval, nan jounen madi 14 oktòb 2014 la, nan kad konsiltasyon lap fè ak klas politik la e ak diferan lòt sektè pou chache rezoud kriz elektoral la. Aprè rankont la, Misye Preval di li espere Prezidan Martelly va aplike lide li pataje ak li yo pou jwenn yon solisyon pou enpas la.

Michel Brunache, pòt pawòl Premye Minis Laurent Lamothe, kontinye ankouraje gwoup 6 senatè opozisyon an pou yo kowopere ak kòlèg yo nan Gran Kò a dekwa pou amandman lwa elektoral la pase e pou eleksyon kapab dewoule nan kòmansman ane 2015 la. Msye Brunache, ki tap rankontre ak jounalis yo, pwofite pou l di gouvènman an pap pwolonje manda yon gwoup 10 senatè apre 2èm lendi janvye 2015 la, dat kote manda palmantè sa yo ap ekspire.

Anfen, gouvènman ayisyen an anonse li pran tout yon seri dispozisyon pou l evite epidemi Ebola a antre nan peyi a. Premye Minis Laurent Lamothe fè konnen gouvènman an mete sou pye yon pwogram fòmasyon kap ede anplwaye ladwann yo aplike prensip sekirite pou yo kontwole pasaje ak manm ekipaj k ap antre nan diferan pò peyi a.

XS
SM
MD
LG