Accessibility links

Breaking News

"San Yon Dokiman Legal Pa Ka Gen Eleksyon," Selon Konsèy Elektoral Pwovizwa a


CEP LOGO
CEP LOGO

Prezidan Michel Martelly, Premye Minis Laurent Lamothe rankontre ak 7 manm Konsèy Elektoral Pwovizwa a nan kòmansman semen nan pou diskite posibilite dewoulman eleksyon yo. Prezidan Martelly sigjere pou enstitisyon elektoral la ta konbine atik 12 akò El Rancho a ak atik 19 lwa elektoral 2013 la pou yo ka fè eleksyon nan fen ane a. Konseye elektoral Nehemie Joseph di majorite manm enstitisyon an fè chèf leta a konnen konbinezon an pa posib e li nesesè pou yo genyen yon dokiman legal ki pa lòt bagay ke amandman lwa elektoral la depite yo deja apwouve a.

Rankont sa a dewoule yon jou apre plis pase yon douzèn palmantè ameriken (repibliken ak demokrat) ekri prezidan sena a, Dieuseul Simon Desra, pou mande l ankouraje gwoup 6 senatè yo vote dokiman an.

Antretan, Komisyon swivi akò El Rancho a anonse yo kòmanse rankontre diferan sektè sosyete a pou soumèt yo yon pwogram an 10 pwen nan objektif pou rezoud enpas elektoral la. Komisyon an pwopoze tèt li pou l ta sèvi kòm medyatè nan pwochen dyalòg entè-ayisyen pou debloke kriz la.

Nouvèl Ayiti - jedi 18 septanm 2014
please wait

No media source currently available

0:00 0:13:17 0:00
Direct link

Yon lòt kote, Ministè Defans la an kolaborasyon ak “Junte Interaméricaine de Défense” lanse yon atelye refleksyon ki va fè rekòmandasyon bay otorite ayisyen yo fason pou pwoteje fwontyè peyi a. Rezilta diskisyon yo ke yo dwe pibliye sou fòm yon "Livre Blanc de Defense et de Sekurité” pral soumèt rekòmandasyon yo bay otorité ayisyen yo pandan pwochen Asanble Jeneral Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) ki pral dewoule an 2015 ann Ayiti.

Sou Plan Sekirite:

Minis Enteryè ak Kolektivite Teritoryal yo, Reginald Delva, ap patisipe nan yon rankont ak Konsèy Siperyè Polis Nasyonal la pou prepare yon plan pou konbat fenomèn ensekirite a ki retounen.

Anfen, Direktè Jeneral “Office Assurance Vehicule Contre Tiers” la, Dunel Laurent, anonse yon seri mezi biwo li a adopte pou amelyore sèvis l ap ofri kliyantèl la sou tout teritwa nasyonal la.

XS
SM
MD
LG