Accessibility links

Breaking News

Yon Gwoup Palmantè Ameriken Ankouraje Sena Ayisyen an Amande Lwa Elektoral la


Building Kongrè Ameriken an nan Washington D.C (Foto achiv)
Building Kongrè Ameriken an nan Washington D.C (Foto achiv)

Plis pase yon douzèn palmantè ameriken (demokrat ak repibliken) ekri prezidan sena ayisyen an, Dieuseul Simon Desra, yon lèt pou mande l ankouraje gwoup 6 senatè yo vote amandman lwa elektoral la. Kèk nan gwoup 6 senatè yo, ki reyaji nan laprès, fè palmantè ameriken yo konnen yo pa kapab amande lwa elektoral la si atik 289 konstitisyon amande 1987 la pa aplike. Selon atik sa a, Konsèy Elektoral Pwovizwa a dwe gen reprezantan 9 sektè olye de reprezantan 3 pouvwa yo—yon atik gouvènman an di ki depase mòd.

Nouvèl Ayiti -Mèkredi 17 Septanm 2014
please wait

No media source currently available

0:00 0:14:22 0:00
Direct link

Yon lòt kote, madi 16 septanm nan, ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide, ki an rezidans siveye, resevwa vizit yon delegasyon ansyen palmantè ak senpatizan ki t al manifeste l solidarite yo. Jij Lamarre Bélizaire lanse yon manda arestasyon kont ansyen lidè Pati Fanmi Lavalas apre li pat reponn envitasyon pou l vinn fè limyè sou akizasyon koripsyon, blanchiman lajan ak trafik dwòg ki swadizan te genyen pandan li t ap dirije peyi a de 2001 a 2004. Sipòtè msye Aristide yo konsidere desizyon jij la pou bay mesye Aristide "lakou lakay li pou prizon l lan" kòm yon pèsekisyon politik.

Minis Defans ayisyen an, Lener Renauld, lanse pwogram "Liv Blan an" gras ak asistans "Junte Inter Americain de Defense." Apre yon seri atelye travay plizyè jou, responsab yo gen pou fè rekòmandasyon sou sistèm defans peyi a.

Anfen, Minis Edikasyon Nasyonal la, Nesmy Manigat, enstale yon nouvo Rektè nan tèt "Inivèsite Piblik" vil Okay la apre yon kriz ki dire anviwon 8 mwa.

XS
SM
MD
LG