Accessibility links

Breaking News

Entèvyou Prezidan Barack Obama sou Eta Islamik la


Prezidan ameriken an Barack Obama (Foto Achiv)
Prezidan ameriken an Barack Obama (Foto Achiv)

Prezidan Barack Obama di Lèzetazini pral pase alatak kont militan Eta Islamik la ki, yon jou, daprè li, byen kapab poze danje sou tèritwa nasyonal Lèzetazini an menm. Sou pwen enpòtan sa a, lidè ameriken an genyen pou l mete yon mesaj devan nasyon an e devan lemond mèkredi 10 septanm 2014 la.

Ann atandan, nan yon entèvyou Prezidan Barack Obama bay chèn televizyon NBC (nan pwogram Meet the Press), li di britalite, agresivite ak karaktè fanatik konbatan Eta islamik la pote yon danje a lon tèm ki kapab depase fwontyè peyi Siri ak Irak. Lidè ameriken an deklare :

«Nou pral poze aksyon sistematik pou n degrade kapasite yo. Nou pral redui dimansyon tèritwa ki anba kontwòl yo, epi, finalman, nou pral ranpòte laviktwa sou yo.”

Sepandan, nan mesaj Prezidan Obama pral detaye mèkredi 10 septanm nan, li gen entansyon mete yon limit nan angajman Lèzetazini pral pran pou l elimine Eta Islamik la. Lidè ameriken an pale klè sou NBC pou l di : “ Pa pral gen sòlda ameriken sou teren an; se pa pral memm bagay ak sa k te pase nan Lagè Irak la. »

XS
SM
MD
LG