Accessibility links

Breaking News

Lame Irak ap Goumen ak Ekstremis yo nan Moman l’ONU ap Lanse yon Operasyon Sekou


Irakyen deplase rasanble pou yo resevwa rad nan men yon òganizasyon charite nan yon nouvo kan ki tou pre rejyon Bajid Kandala nan vil Feeshkhabour, nan nò Irak. (Foto: Madi 19 out 2014).
Irakyen deplase rasanble pou yo resevwa rad nan men yon òganizasyon charite nan yon nouvo kan ki tou pre rejyon Bajid Kandala nan vil Feeshkhabour, nan nò Irak. (Foto: Madi 19 out 2014).

Militè irakyen ak kird, ki jwenn ranfò lame amerikèn, ap konfwonte militan ekstremis sinit yo nan nò Irak, kote l’ONU ap pare yon operasyon sekou imanitè masif pou ede plizyè santèn milye refijye sivil.

Yon jou aprè fòs militè irakyen yo te reprann nan men militan yo pi gwo baraj idwo-elektrik peyi a ki tou prè vil Mosoul, yap fonse rapidman kounyela a nan direksyon vil Tikrit, toujou nan Nò Irak, kote, daprè kèk temwen, yo jwenn gwo rezistans nan men konbatan islamik yo. Otorite yo fè konnen avans lame irakyèn nan te bloke nan mitan apre-midi jounen madi 19 out 2014 la.

Pandansetan, otorite yo nan ajans sekou Oganizasyon Nasyon Zini fè konnen operasyon sekou yap lanse a vize yon yon afè de yon milyon 200 mil irakyen ki deplase kite kote yo tap viv la akoz batay yo.

Pou kòmanse, avyon kap sòti nan peyi Jòdani, ki tou pre Irak, pral pase 4 jou ap lage tout kalte pwovizyon nan vil Irbil, nan pati nò Irak. Pami pwovizyon sa yo, ap genyen tant, dlo, gaz, gazolin ak lòt pwodui enpòtan pou refijye kap viv nan lekòl, moske ak lòt batiman nan zòn nan.

Lèzetazini, Lalmay, Lagrand Bretay ak Lafrans ap patisipe nan operasyon sekou sa a.

XS
SM
MD
LG