Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Jistis: Pwotestasyon kont Manda Pou Arete Ansyen Prezidan JB. Aristide


Yon manifestan ap danse ak foto Jean Bertrand Aristide pandye nan kou l (Foto achiv)
Yon manifestan ap danse ak foto Jean Bertrand Aristide pandye nan kou l (Foto achiv)

Kawoutchou t ap boule nan plizyè zòn sou wout Delmas ki relye kapital la Pòtoprens ak Petionvil bonè lendi 18 out la. Pèson pa konnen ki gwoup ki t ap boule kawoutchou yo.

Moun ki prezante tèt yo kòm sipòtè ansyen Prezidan Jean Bertrand Aristide di y ap kontinye manifeste devan rezidans lidè Pati Fanmi Lavalas pou anpeche otorite yo ekzekite yon manda jij Lamarre Belizaire mete dèyè l apre li pat prezante nan tribinal mèkredi 13 out pou l reponn kesyon sou ankèt k ap mennen kont li pou koripsyon, trafik dwòg ak blanchiman lajan pandan li t ap dirije peyi a ant 2001 a 2004. Sipòtè msye Aristide yo, ki konsidere aksyon jij la kòm yon pèsekisyon politik, monte barikad devan rezidans ansyen prezidan an, tou pre anbasad ameriken an, sou wout ki relye Tabarre avèk Petionville.

Avoka ansyen Prezidan Jean Bertrand Aristide, mèt Mario Joseph, di ni li menm ni ansyen prezidan an pa janm resevwa envitasyon pou l vinn reponn kesyon jij la. Sepandan, huissier Romuald Grand Pierre deklare li te renmèt manda konparisyon an bay yon moun ki t ap antre nan rezidans msye Aristide madi 12 out 2014 la apre ajan sekirite te refize l antre nan rezidans la. Msye Grand Pierre di li te enfòme avoka msye Aristide yo sou sitiyasyon an.

Nouvèl Ayiti - Lendi 18 out 2014
please wait

No media source currently available

0:00 0:07:59 0:00
Direct link

Mèt Mario Joseph, avoka msye Aristide, anonse li enfòme jij Lamarre Belizaire ak lòt otorite yo pou l abandone dosye a e transmèt li bay yon jij endepandan. Mèt Joseph akize jij la dèske li twò pwòch administrasyon Martelly/Lamothe la.

Mèt Camille Edouard, yon espesyalis an dwa, fè konnen jij Lamarre Belizaire ale twò vit ak dosye a. Mèt Edouard di jij la te dwe emèt yon 2ièm manda konparisyon kont msye Aristide e asire l mèt Mario Joseph ou byen msye Aristide pèsonèlman resevwa manda a.

Mèt Edouard sigjere mèt Belizaire kanpe sou ankèt l ap mennen sou msye Aristide ak 33 lòt pwòch pati Fanmi Lavalas apre li resevwa notifikasyon avoka msye Aristide yo ki mande l transfere dosye a bay yon lòt jij enstriksyon.

XS
SM
MD
LG