Accessibility links

Breaking News

Ayiti: 2 Moun Mouri pou Pipiti nan Dezyèm Jounen Kanaval Dèflè a


Kat Jewografik Dayiti
Kat Jewografik Dayiti

2 moun mouri pou pipiti nan 2ème jounen Kanaval Dèflè ki kòmanse nan Pòtoprens depi dimanch 27 jiyè dapre deklarasyon Pòt pawòl Adjwen Polis Nasyonal d’Haiti ( PNH), Garry Desrosiers, fè nan laprès. Lapolis fè 5 arestasyon pandan menm jounen an pou diferan rezon. Toujou selon responsab sekirite yo gen 11 moun ki blese ak zam blanch nan premye jou a e jounal anliy Alterpresse rapòte 286 Tèm Kanaval la ane sa a: Se la Pou la.

Msye Desrosiers fè konnen yon lòt kote enstitisyon an ap pran sanksyon kont ajan k ap sèvi ak fè abi kont popilasyon an pandan kanaval la k ap klotire madi 29 jiyè a.

La polis sidès peyi a arete 2 moun epi mete yon polisye an izolman anba akizasyon yo ta mele nan vòl vehikil soti an repiblik dominikèn pou antre ann Ayiti.

Yon lòt kote Inyon Ewopeyen an ap finanse yon pwojè kominotè enpòtan nan chak depatman peyi a. Òganizasyon lokal yo dwe travay ansanm pou soumèt pwojè yo kwè k ap itil kominote yo. Chak pwojè ap koute 350 mil goud swa plis pase 7 mil dola ameriken.

Klike sou koute agoch atik sa a (anba Multimedia) pou n tande repòtaj ekip Sèvis Kreyòl la.

XS
SM
MD
LG