Accessibility links

Breaking News

Izrayèl Ranfòse Kanpay Militè a sou Bann Gaza


Sòlda izrayelyen kanpe sou tèt yon tank tou prè fwontyè avèk Gaza. (Foto 29 jiyè 2014).
Sòlda izrayelyen kanpe sou tèt yon tank tou prè fwontyè avèk Gaza. (Foto 29 jiyè 2014).

Izrayel kontinye lanse atak anlè, sou lanmè e atè sou Bann Gaza kote omwen 26 moun mouri nan nuit yè swa pou leve jodiya. Premye Minis Benjamin Netanyahu di kanpay militè sa a fèk komanse. Daprè otroite paletinyenyo, kantite total monkimouri depi komnfli ate kòmansse sa gen 3 semèn, monte depase mil 100 jounen Jodi-a, --- pi fò nan victim yo se sivil.

Pami pozisyon lame Israyèl te vize nan dènye atak li yo, genyen mezon prive lidè Hamas la nan Gaza, epi yon batiman kote ou jwenn katye jeneral yon televizyon ak yon radyo Hamas ap dirije. Izrayèl ranfòse atak yo aprè premye minis Benjamin Netanyahu te parèt nan televizyon pou l di pèp la prepare l pou yon kanpayn militè pwolonje kont HAMAS. Premye Minis Netanyahu deklare :

«Nou te byen konnen nou genyen kèk jou difisil devan nou. Jounen jodi a se yon jounen difisil e penib. Nou fèt pou n gen pasyans epi montre volonte pou n kontinye lit la kont yon òganizasyon teworis kap asasinen moun e ki gen destriksyon Izrayèl kom objektif li. »

Misye Netanyahu kontinye pou l di lame Izrayèl la pap sispann operasyon sa a toutotan li pa elimine nèt yon seri tinèl militan HAMAS yo itilize pou yo antre an kachèt sou tèritwa izrayelyen an. Jiskaprezan, Izrayèl pèdi 53 sòlda ak 3 sivil depi li te lanse kanpay militè a nan dat 8 jiyè pase a.

Bò kote pa l, lidè siprèm peyi Iran an, Ayatola Ali Khamenei, pran lapawòl byen bonè madi pou l di Izrayèl ap komèt asasina pa bann e pa pakèt nan Gaza e mond islamik la ta dwe travay pou l mete zam a la dispozisyon palestinyen yo. Ayatola a di la :

« Sa otorite syonis yo ap fè jounen jodi a nan Gaza, se asasinen moun pa bann e pa pakèt ; yap komèt yon dezas istorik. Peyi kriminèl ki rele Izrayèl la ak moun kap apiye li nan krim li yo, dwe jwenn yon kondanasyon entènasyonal ; yo dwe jwenn pinisyon yo. »

XS
SM
MD
LG