Prezidan Izrayelyen an, Shimon Peres, ak prezidan palestinyen an, Mahmoud Abbas, te akonpaye Pap Francois dimanch 8 jen 2014 la, nan Vatikan nan yon priyè pou lapè nan Mwayen Oryan. Se premye fwa yon seremoni konsa dewoule. Mwa pase a, Souvren Pontif la (ki te pran nesans nan peyi Ajantin) te envite 2 lidè yo nan Vatican pou yon priyè espesyal pou lapè kèk semèn apré dènye seri chita tande sou lapè Mwayen Oryan yo te echwe.
Sen Pè a di li gen espwa rankont sa a ka ouvri sa li rele « yon nouvo orizon » sou wout ki pou mennen nan lapè a.
Pap la lanse yon apèl pou l di: " Travay pou fè lapè a mande plis kouraj pase travay pou fè lagè. Li mande kouraj pou w di wi map fè rankont, e non pou konfli; wi, map fè dyalòg e non pou vyolans; wi pou negosyasyon e non pou ostilite; wi pou m respekte antant mwen siyen yo e non pou zak provokasyon; wi pou senserite e non pou manti ak kou nan do. Tout bagay sa yo mande kouraj, yo mande fòs, yo mande tenasite."
3 lidè yo (Pap François, Prezidan Shimon Perez ak Prezidan Mahmoud Abbas) te gen avèk yo patriyach òtodox Konstantinòp la, Bartholomée, pou yo te tande kadinal yo (pou katolik) raben yo (pou jwif) ak imam yo (pou muzulman) ki tap fè priyè nan stil kretyen, jwif ak islamik.
Rankont sa a, ki te dire 2 zèd tan nan jaden Vatikan an, te gen ladann lapriyè lidè relijye yo te li nan Nouvo ak Ansyen Testaman, ak Koran an, e yo te chante tou nan lang ebre, arab, anglè ak italyen.