Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama Pare pou l Dyaloge ak Nouvo Prezidan Ejipsyen an


Prezidan eli ejipsyen an, Abdel-Fattah al-Sissi (Foto achiv).
Prezidan eli ejipsyen an, Abdel-Fattah al-Sissi (Foto achiv).

Lezetazini lanse apèl pou mande prezidan eli ejypsyen an, Abdel Fattah al-Sissi, fè refòm kap pèmèt peyi a genyen yon gouvènman responsab e transparan pandan lap pwoteje dwa fondal-natal tout ejypsyen. Daprè yon deklarasyon ki soti nan la Mezon Blanch mèkredi 4 jen 2014 la, Prezidan Barack Obama gen pwojè pou l pale avèk msye al-Sissi nan jou kap vini yo apre anons ofisyèl ki fè konnen ansyen chèf lame a ranpòte eleksyon ki dewoule semèn pase a nan peyi Ejip ak 97 pousan vwa yo.

Dapre kalkil komisyon elektoral ejipsyen an, 47 pousan nan elektè ki elijib yo te patisipe nan eleksyon yo ; Responsab yo te pwolonje vòt la pou yon jou akoz yon boykòt gwoup entèdi Fratènite Mizilman prezidan dechouke a Mohamed Morsi. Nan menm deklarasyon an Lamezon Blanch felisite obsèvatè entènasyonal yo pou patisipasyon yo, men li eksprime kè sote pou klima ki te antoure vòt la kote kèk kèk elektè te gen difikilte pou yo te patisipe.
XS
SM
MD
LG