Avoka e espesyalis nan kesyon legal Monferrier Dorval fè konnen Atik 289 Konstitisyon an ke yon gwoup senatè vle itilize pou fòmasyon yon nouvo konsèy elektoral pwovizwa a, se yon atak pase e depase. O kontrè, Mèt Dorval bay palmantè sa yo konsèy pou yo prepare yo pou yo patisipe nan pwochen eleksyon yo.
Yon lòt kote, Senatè Moise Jean-Charles fè konnen li resevwa kèk move tretman nan men yon polisye ki te responsab sekirite prizon vil Akayè a kote otorite yo fèmen Rosny Timothé, alòske palmantè a ak yon delegasyon tap eseye rann prizonye a yon vizit. Otorite lapolis yo pat disponib pou di si yo ouvè yon ankèt sou afè sa a.
Nan Petyonvil, yon òganizasyon tou nèf ki rele KAP (Kolektif Abitan Petyonvil) ap chache rasanble divès lòt gwoup lokal pou idantifye pwoblèm vil la ap konfwonte epi chache solisyon pou yo. Daprè youn nan lidè KAP yo, Jerry Tardieu, òganizasyon an vle akonpaye otorite minisipal e santral yo nan efò kap fèt pou devlope komin nan.
Ayiti-Pwovens
Responsab Biwo Sekou an Ka Dezas la nan vil Pòdepè, nan nòdwès peyi d Ayiti, òganize yon seyans demonstrasyon pou ouvè je popilasyon an sou fason pou l pwoteje tèt li sizoka yon soumani ta frape zòn nan. Pandansetan, nan vil Okay, responsab lajistis yo òganize pandan wikenn nan yon seyans antrènman kote yo devlope kèk tèm ki gen rapò ak fonksyonnman sistèm jistis la. Pa egzanp, patisipan yo resevwa fòmasyon sou jesyon yon grèf, wòl yon grefye nan fonksyonnman yon tribinal, epi kisa lajistis di sou vyolans ki fèt sou fanm.
Klike sou « Koute » pou w swiv devlopman nouvèl sa yo avèk Marie-Luce Pierre, Lyonel Desmarattes, Dieuseul Junior Louis epi Jean Hernst Eliscar.