Accessibility links

Breaking News

Prezidan Martelly Mande Dyalòg pou Rezoud Pwoblèm Ayiti


Weriye Falastiin iyo Abdulkadir Ore Ahmed oo ah xildhibaan ka tirsan baarlamanka Kenya
Weriye Falastiin iyo Abdulkadir Ore Ahmed oo ah xildhibaan ka tirsan baarlamanka Kenya
Ann Ayiti, Prezidan Michel Martelly, lanse bay opozisyon an yon apèl kote li mande pou pmèt demokrasi avanse nan peyi a. Lidè ayisyen an rejte apèl kèk lidè politik ki egzije pou l bay demisyon l. Li fè konnen li lè, li tan pou yon sitwayen ki eli nan peyi a fini tout tan manda li nòmalman san moun pa fè presyon sou li pou l kite pòs li anvan lè.

Yon lòt kote, 7 sou 9 manm nouvo Konsèy Elektoral Pwovizwa a (CEP) prete sèman nan jounen vandredi 9 me 2014 pase a e enstalasyon yo fèt lendi 12 me a. Daprè korespondan nou Clarens Renois, absans 2 manm yo si yon siyn ki montre genyen yon malèz anndan enstitisyon an. Youn nan manm ki pa prete sèman e ki pa enstale yo, se Mèt Néhémie Joseph ki fè konnen li pa kapab franchi etap sa a toutotan Sena a pa apwouve fòmasyon nouvo konsèy la. Lòt manm ki chwazi pou l pa prete sèman an se Lépold Berlanger, reprezantan CNO (Konsèy Nasyonal pou Obsèvasyon Elektoral).

Anfen, yon jij denstriksyon pran yon òdonans kote li refere devan yon tribinal kriminèl dosye 2 manm palman an –Depite Séjour Rodriguez ak Depite N’Zou Naya Belanger Jean-Baptiste-- pou swadizan enplikasyon yo nan lanmò sòlda Walky Calixte.

Klike sou « Koute » pou w swiv devlopman nouvèl sa yo avèk Marie Luce Pierre e Lyonel Desmarattes.
XS
SM
MD
LG