Accessibility links

Breaking News

Ikrèn/Kriz la ap Vin Pi Konplike


Militan rebèl pwo-Larisi ap transpòte zam yo nan mitan vil Slovyansk, nan pati lès Ikrèn. (Foto: 6 me 2014).
Militan rebèl pwo-Larisi ap transpòte zam yo nan mitan vil Slovyansk, nan pati lès Ikrèn. (Foto: 6 me 2014).
Nan vil Kyèv, kapital Ikrèn, minis enteryè a, Arsen Avakov, di 30 militan pwo-Larisi mouri nan yon operasyon lame te lanse, lendi 5 me 2014 la, pou dechouke fòs anti-gouvènmantal yo nan vil Slovyansk, nan pati lès peyi a.

Daprè Misye Avakov toujou, 4 sòlda pèdi lavi yo tou tandiske 20 lòt blese. Nan menm jounen lendi a, Lavwadlamerik te an mezi pou l konfime lanmò 20 militan pwo-Larisi. Minis enteryè a ajoute, pandan lese-frape yo, twoup gouvènmantal yo te gen an fas yo yon afè de 800 militan rebèl byen ame e byen antrene. Nouvèl yo fè konnen militan pwo-Larisi yo deplase anpil nan fòs yo, nan jounen madi a, pou fè yo al pran pozisyon andeyò vil Slovyansk, kote yo abandone divès barikad yo te enstale nan mitan vil la.

Pandansetan, konsèy minis afè etranjè Inyon Ewòp la reyini nan peyi Lotrich pou yo fè deba sou kriz la nan Ikrèn. Pami pèsonalite ki prezan nan rankont sa a, genyen minis afè etranjè ris la, Sergei Lavrov ki, daprè nouvèl yo, deja fè chita-tande avèk kòlèg ikrenyen li-a, Andri Deshchytsia, nan fen jounen lendi a. Chèf diplomasi Lalmay la, Sebastian Kurz, pale ak laprès pou l di nouvèl ki pale de rankont ant Misye Lavroff ak Misye Deshchytsia a, se yon bòn nouvèl.

Yon lòt kote, minis afè etranjè ris la, Sergei Lavrov, lage dout sou lijitimite eleksyon prezidansyèl ki gen pou dewoule nan Ikrèn nan dat 25 me kap vini la a. Pandan Misye Lavrov tap pale nan vil Vyèn madi, aprè rankont minis afè etranjè peyi-manm konsèy Inyon Ewòp la, li di li twouve sa yon jan etranje e menm innabityèl pou Ikrèn òganize eleksyon nan moman gouvènman an ap itilize lame peyi a kont yon pati nan popilasyon an.

Kòm lòt reyaksyon, prezidan fransè a, François Hollande, lanse yon avètisman kote li fè konnen –nap site : “Dezòd ak yon sitiyasyon tèt-anba pral egziste nan Ikrèn si eleksyon ki fikse pou 25 me a pa dewoule.” Yon lòt kote, otorite ikrenyen yo anile tout vòl avyon ki tap antre ou sòti nan vil endistriyèl Donetsk, nan pati lès Ikrèn. Moun pa konnen egzatteman pou kisa otorite yo pran desizyon sa a, ni pandan konbyen tan sispansyon vòl yo ap rete an aplikasyon.
XS
SM
MD
LG