Accessibility links

Breaking News

Depite Eta Florid Ileana Ros-Lehtinen Di Eleksyon Dwe Dewoule Ann Ayiti


Depite Ameriken, Ileana Ros-Lehtinen, reprezantan 27e sikonskripsyon Eta Florid la.
Foto achiv
Depite Ameriken, Ileana Ros-Lehtinen, reprezantan 27e sikonskripsyon Eta Florid la. Foto achiv
Depite Repibliken ki reprezante Florid nan Kongè ameriken an, Ileana Ros-Lehtinen, renouvle menm mesaj li te pote nan mwa mas la pou responsab ayisyen yo. Nan yon entèvyou li bay dènyèman sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la lejislatè a di "wè pa wè eleksyon yo dwe fèt nan fen ane a nan peyi Dayiti".

Madam Ros-Lehtinen fè konnen "Mwen pa menm anvizaje yon senaryo kote pa gen elekyon ann Ayiti. Lè prezidan Martelly ak premye minis Lamothe te nan Washington (an fevriye a) , e lè m te rankontre yo ansanm ak palmantè yo nan dènye misyon m nan ann Aiti, mwen te bay yo menm mesaj la. Mwen te di yo klè: “Nou mande pou yo fè eleksyon lib, onèt, transparan e sou sipèvizyon kominote entènasyonal la. Mwen gen konfyans nou pap rive nan pi move senaryo a ki se retade tout tan òganizasyon eleksyon yo pou yo pa rive fèt."

Konsènan pwopozisyon KEP 9 manm pou 9 sektè prezidan sena a, Simon Dieuseul Desras pwopoze prezidan Martelly a, madam Ros-Lehtinen pat vle pwononse l touswit sou kesyon sa a. Sepandan, li fè konnen Kongrè a pral kontinye siveye etwatman evolsyon sitiasyon an; e yo pa pral aksepte okenn lwa elektoral bouyi-vide.

Reprezantan Eta Florid la, di "Se yon wont pou se dezoutwa ti detay raz ki bloke pwosesis elektoral la, ki anpeche Ayiti vanse. Nap tann pou n wè kòman ya p mete an plas pwosesis la. Nou pral ekzaminen ki kalte lwa elektoral, ki pwodui fini y ap pwopoze."

Palmantè a ajoute, "se pa dwa nou pou n bay otorite ayisyen yo dikta. Sepandan, nou ta renmen we pèp ayisyen an viv nan yon peyi ki pran ankont byennèt ak avni li. Se pèp la sèlman ki pral konnen si la p aksepte lwa a ou pa. Eske lap bon pou yo ? Yon pwojè-law bouyi-vide pap bay demokrasi a jarèt."

Depite Ros-Lehtinen pa pwononse l dirèkteman non plis sou menas blokaj asistans Etazini ap bay Ayiti si eleksyon pa rive fèt nan mwa oktòb la. Okontrè, li montre l trè optimis ke Kongrè a pa pra l oblije pran mezi sa a. Li ajoute li gen konfyans nan travay Depatmant Deta ak diplomat ameriken ki sou plas nan peyi a.

Lè Lavwadlamerik te mande l ki pozisyon Kongrè pra l adopte sou kesyon asistans la si eleksyon yo pa ta fèt ane sa a ann Ayitii, depite Eta Florid la di “Si eleksyon yo pa ta rive fèt, li pral difisil pou n jistifye asistans Lèzetazini ap bay yon peyi ki pa demokratik, e ki pa menm gen yon sanblan demokrasi. Wa p gen kominote òmdafè yo kap di w : “Nou pa pral envesti ann Ayiti paske gouvènman an pa pwòp. Se pa yon kesyon eske Ayiti ap resevwa asistans nan men Etazini ou pa. Se kominote entènasyonal la ki pral detèrmine si wi ou non Ayiti se yon kote antreprenè ak envestisè yo ka al envesti lajan yo antout sekirite".

Depite Ros-Lehtinen rete kwè pèp ayisyen an pral mete l dakò ak palmantè yo ansanm ak pouvwa egzekitif la pou yo jwenn yon solisyon ka p bon pou tout sektè yon fason pou bonjan eleksyon ka fèt nan peyi a kote ya p respekte vòt chak ayisyen.

NB: Ale anba tit MULTIMEDIA , agoch paj sa a e klike sou "Koute" pou w swiv repòtaj Jean-Pierre Leroy, jounalis Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la, sou entèvyou li te genyen ak Depite 27e sikonskripsyion Florid la, Ileana Ros-Lehtinen.
XS
SM
MD
LG