Prezidan ameriken an, Barack Obama, kite Washington madi 22 avril 2014 la pou l al fè yon toune sou kontinan azyatik la kote li va vizite Japon, Malezi, Kore di Sid ak Filipin. Pandan lidè ameriken an te sou wout, li te fè yon eskal nan Eta Washington, nan pati nòdès Lèzetazini, pou l te vizite yon zòn kote yon glismanteren te fè anpil viktim ak gwo dega mwa pase a. Aprè Misye Obama te fè yon enspeksyon zòn nan nan elikoptè, li te fè yon rakont prive ak kèk manm fanmi viktim yo; ansuit li te pran lapawòl nan lokal yon sèvis ponpye devan kèk otorite Eta Washington, yon gwoup ofisyèl lokal ak divès senp sitwayen. Prezidan Obama di :
«Mwen dwe di nou fanmi mwen rankontre yo montre yo genyen anpil kouraj; yo montre gras nan karaktè yo pandan yo gen lapèn e yap travèse gwo difikilte. Sepandan, se yo tout ki vle di premye sekouris ki te reponn prezan nan trajedi sa a : "mèsi" . Yo apresye anpil gwo efò tout moun te fè e kontinye fè. Mwen konnen premye sekouris yo deja tande pawòl mwen pral di la yo (men, sa pa nui si m repete yo) : sè ke nou apresye anpil-anpil sa nou fè pou fanmi viktim yo. »
Plizyè douzèn kay te kraze, tandiske omwen 41 moun te pèdi lavi yo nan glismanteren an.