Accessibility links

Breaking News

Demisyon Minis Sante Piblik Lèzetazini an, Kathleen Sebelius.


Prezidan Barack Obama ak Vis Prezidan Joe Biden kanpe bò kote minis sante piblik sòtan an, Kathleen Sebelius (devan podyòm nan) ak kandida deziye pou replase l la, Direktris Bidjè a Sylvia Mathews Burwell. (Foto: 11 avril 2014).
Prezidan Barack Obama ak Vis Prezidan Joe Biden kanpe bò kote minis sante piblik sòtan an, Kathleen Sebelius (devan podyòm nan) ak kandida deziye pou replase l la, Direktris Bidjè a Sylvia Mathews Burwell. (Foto: 11 avril 2014).
Minis sante piblik Lèzetazini an, Kathleen Sebelius, bay demisyon n aprè li te fin konstate aplikasyon lwa sou refòm nan sistèm swen sante Prezidan Obama te siyen an, te mal jere.. Demisyon Maldam Sebelius la vini yon semèn sèlman aprè enskripsyon te fèmen pou moun te aplike pou yo benefisye de pwogram federal yo rele Obamacare la pandan premye ane pwogram sa a. Dènye semèn ouvèti peryòd enskripsyon an te chaje ak pwoblèm sou sit entènèt pwogram nan -yon sitiyasyon ki te limite posiblite plizyè milyon moun ki te vle ranpli aplikasyon an.

Lidè Repibliken nan Kongrè a te reklame demisyon minis Sebelius; men Prezidan Obama te kontinye apiye minis sante li a piblikman. Sepandan semèn pase a, Madam Sebelius te absan --jan anpil obsèvatè te ka wè sa-- nan seremoni kote prezidan an te anonse, a la fen dè fen, peryòd enskripsyon an sete yon veritab siksè. Kantite moun ki enskri yo depase chif 7 milyon administrasyon Obama a te predi a. Pèsonalite Prezidan ameriken an chwazi pou ranple Madam Sebelius se Sylvia Mathews Burwell ki te okipe jiskela pòs direktris Biwo Jesyon ak Bidjè a (Office of Management and Budget).
XS
SM
MD
LG