Accessibility links

Breaking News

Asistans CDC nan Lit kont Maladi Laraj ann Ayiti


Yon chen yap vaksinen kont maladi laraj. (Foto: Courtesy/Serengeti Carnivore Disease Project)
Yon chen yap vaksinen kont maladi laraj. (Foto: Courtesy/Serengeti Carnivore Disease Project)
CDC –ki se Sant Ameriken pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi – voye yon ekip espesyalis ann Ayiti pou ede kontwole pwoblèm maladi laraj ki poze nan peyi a. 2 manm ekip la, doktè-epedemyolojis ameriken Ryan Wallace ak doktè-epidemyolijis ayisyen Appolon Destiné Miracle, pale ak Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la pou yo bay detay sou rezondèt kanpay sa a ak enterè CDC pran nan operasyon an.

Rezime:

Daprè detay 2 epidemyojis yo bay, men verite moun dwe konnen sou fenomèn ki rele maladi laraj la:

1.- Laraj (oubyen raj), an jeneral, se yon yon maladi fatal. Yon moun trape li prensipalman lè yon chen made w ;

2.- Ayiti se peyi kote ou jwenn pi gwo kantite ka laraj nan tout emisfè oksidantal la ;

3.- Laraj se yon maladi ki devlope nan ant 45 e 60 jou aprè yon chen anraje fin mòde yon moun. Men, sentòm yo ka kòmanse aprè 7 jou, menm jan yo ka pran plis pase yon lane. Pi fò moun devlope sentòm yo ant 45 e 60 jou apre chen fin mòde yo. Kidonk, maladi a pa pwovoke sentòm imedyatman apre yon chen mode w ; sa pran yon sèten tan.

4.- An jeneral, moun ki trape maladi laraj devlope sentòm kòmkwa yo gen grip; yo ka pa santi anyen lè moun touche pati nan kò yo kote chen an te mòde yo a; imedyatan apre sa, maladi a devlope rapidman pou l paralize moun nan, fè l chanje konpòtman nòmal li; moun nan ka vin agresif, ansuit li tonbe nan koma anvan li fin mouri. Depi sentòm yo kòmanse, an jeneral pa gen remèd pou maladi a ; se lanmò kanmèn.

5. Si ou sispèk yon moun oubyen yon chen montre siyn ki ta fè konprann li trape maladi laraj, rele nan telefòn sa yo : 3442 1108 ; - 4021 5019.

Klike sou « koute » pou w swiv entèvyou Lyonel Desmarattes fè ak 2 doktè-epidemyolojis Ryan Wallace ak Appolon Destiné Miracle.
XS
SM
MD
LG