Accessibility links

Breaking News

Ensidan Vyolan nan Baz Militè Fort Hood, Eta Tegzas. 4 Moun Mouri.


Lyetnan Jeneral Mark Milley, kòmandan baz militè Fort Hood la, ap pale ak laprès nan antre baz la aprè atak 2 april 2014 la nan Fort Hood, Eta Tegzas.
Lyetnan Jeneral Mark Milley, kòmandan baz militè Fort Hood la, ap pale ak laprès nan antre baz la aprè atak 2 april 2014 la nan Fort Hood, Eta Tegzas.
Ozetazini, koutzam pati sou baz militè Fort Hood, nan mitan Eta Tegzas, kote omwen 4 moun mouri –pami yo genyen nèg ki ouvè kout-zam nan. 16 moun al swiv trètman nan lopital nan zòn nan pou blese yo resevwa; kèk nan yo twouve yo nan yon kondisyon grav. Ensidan vyolan sa a dewoule nan fen jounen mèkredi 2 avril 2014 la.

Pòtpawòl baz militè a, lyetnan-jeneral Mark Milley, ki pale ak laprès byen ta mèkredi, fè konnen anketè yo fin pa wè nèg ki lanse atak la sete yon sòlda ki te baze nan Fort Hood e misye mouri sou plas anba yon kout revòlvè li bay pwòp tèt li. Otorite yo idantifye li kòm Ivan Lopez.

Daprè ofisye Milley toujou, zam atakan an te itilize a se yon revolvè semi-otomatik, kalib 45, ke li te achte andeyò baz la pandan li te an vakans. Responsab yo toujou ap pase an revi seri evennman ki te debouche sou ensidan an ; men, daprè lyetnan-jeneral la, sanble Ivan Lopez te byen detèmine pou l poze zak la.

« Daprè sa nou kwè, misye te antre byen deside anndan youn nan biwo ki nan building nan eli ouvè kout-zam; aprè sa li monte nan yon machin kote li te kontinye tire; ansuit li sòti nan machin nan, li antre nan yon lòt building kote li te ouvè kout-zam ankò; apre sa, fòs sekirite yo te twoke kout zam avèk li. »

Menm si ofisye Milley pa di si Ivan Lopez tap soufri ak pwoblèm psikolojik, sòlda sa a se yon moun ki tap swiv tretman pou pwoblèm mantal aprè sèvis li nan lagè Irak la an 2011. Yon ti tan aprè nouvèl sou ensidan trajik sa a te tonbe, Prezidan Barack Obama te pran lapawòl nan vil Chikago, kote li tap patisipe nan yon maraton pou ranmase lajan pou pati demokrat la, e li prezante kondoleyans li bay fanmi viktim atak la. Prezidan Obama di:

« Moun ki sou baz la tèlman fè sakrafis pou yo defann libète nou. Anpil nan yo se moun ki te sèvi plizyè fwa nan Irak ak Afganistan. Yo te sèvi peyi nou an avèk anpil kouraj; yo te sèvi li avèk gwo distenksyon. E lè yo nan yon baz ki nan pwòp peyi yo, yo ta dwe santi yo an sekirite. »

Jeneral Mark Milley di moun pa konnen poukisa sòlda a poze zak la ; men otorite yo pa panse sa k rive a gen rapò ak aktivite teworis. Otorite federal, militè ak lokal ap travay pou yo konnen egzatteman kisa k rive.
XS
SM
MD
LG