Accessibility links

Breaking News

Chanjman Anplasman nan Rechèch Avyon Malezyen ki Disparèt la


Yon avyon Kore di Sid (yon Orion P-3) kap patisipe nan rechèch boeing malezyen (Malaysia Airlines, vòl MH370) ki disparèt la (Foto: 28 mas 2014).
Yon avyon Kore di Sid (yon Orion P-3) kap patisipe nan rechèch boeing malezyen (Malaysia Airlines, vòl MH370) ki disparèt la (Foto: 28 mas 2014).
Ann Ostrali, otorite yo di nouvo done espesyalis yo analize, oblije responsab yo deplase anplasman kote rechèch tap fèt pou jwenn yon avyon pasaje malezyen ki disparèt depi samdi 8 mas 2014 pase a. Konyela a, operasyon an pral santre sou yon distans plis pase mil kolomèt o-nòdès pa rapò ak kote rechèch yo tap fèt nan mitan Oseyan Endyen an.

Nan yon deklarasyon Biwo Sekirite Maritim Ostrali a pibiye vandredi 28 mas la, li fè konnen dènye enfòmasyon yo resevwa sou kesyon an, reprezante pi bon prèv jiskaprezan sou anplasman kote aparèy la tonbe a. Jeneral John Young, se manm biwo a. Li deklare menmsi otorite yo mete gwo espwa nan dènye nouvèl sa a, gen anpil travay ki rete pou fèt toujou.

« Sa fè pati nòmalman tout operasyon rechèch ak sekou. Lè nouvo enfòmasyon sa a parèt, li redefini analiz nou yo e li mennen nou nan yon lòt anplasman. Kidonk, mwen pa konsidere operasyon nou te mennen deja nan lòt anplasman yo, kòm yon pèt de tan. »

Aparèy la (yon avyon boeing 777, vòl 370, konpayi Malaysia Airlines) te disparèt pandan li tap sòti Kwala Lumpur, kapital Malezi, pou l t ale Peken, kapital Lachin. Li te gen 239 moun abò l.
XS
SM
MD
LG