Accessibility links

Breaking News

Malezi/Disparisyon Avyon – Dènye Nouvèl


Manm yon ekip sekouris japonè ap fè babay pou yon avyon fòs Defans Maritim peyi Japon an ki tap fè preparasyon pou l dekole epi al fè rechèch pou jwenn aparèy Konpayi Ayeryèn Malaysia Airlines, vòl No. MH370, ki disparèt. (AP Photo /Jason Reed, Pool).
Manm yon ekip sekouris japonè ap fè babay pou yon avyon fòs Defans Maritim peyi Japon an ki tap fè preparasyon pou l dekole epi al fè rechèch pou jwenn aparèy Konpayi Ayeryèn Malaysia Airlines, vòl No. MH370, ki disparèt. (AP Photo /Jason Reed, Pool).
Nan Kwala Lumpur, kapital Malezi, otorite yo di imaj satelit lokalize jiska 122 objè ki byen kapab sòti nan debri yon avyon pasaje ki disparèt e ki sanble te tonbe nan pati sid Oseyan Endyen an.

Minis defans la, Hishamnunddin Husssein --ki tap abòde sitiyasyon an byen bonè mèkredi 26 mas 2014 la-- deklare objè ki sou imaj yo genyen ant yon mèt e 23 mèt de longè, e kèk nan yo gen koulè briyan, sa ki ta fè kwè yo fèt an materyèl solid. Nouvèl sa a tonbe nan moman espesyalis yo ap rekòmanse rechèch yo aprè yo te pase 24 trè kanpe, akoz move tan tap nui efò yo. Omwen 12 avyon ak 2 gwo bato, ki sòti nan divès peyi, ap patisipe nan operasyon sa a.

Otorite yo nan Malezi fè konnen satelit yo montre, san di pètèt, avyon an t al tonbe nan lanmè byen lwen tout kote ki gen tè. Pandansetan, premye minis ostralyen an, Tony Abbott, pran yon angajman kote li di peyi li pral fè tout sa l kapab pou l jwenn avyon malezyen vòl 370 la, epi ede manm fanmi viktim yo mete yon pwen final nan soufrans moral ki makònen ak trajedi a. Misye Abbott di :

« Mwen pran angajman devan Premye Minis malezyen an, Najib Razak, pou m di l ap jwenn yon kowoperasyon total-kapital bò kote Ostrali nan efò pou jwenn aparèy la e nan operasyon ankèt la. Zòn kote aksidan an rive a pa prè okenn kote posib sou latè. Men li prè Ostrali plis pase tout lòt peyi. »

Boeing 777 la, ki te gen 239 pasaje ak manm ekipaj abò l, te disparèt nan jounen samdi 8 mas pase a aprè li te kite Kwala Lumpur, kapital Malezi, pou l te pran direksyon vil Peken, kapital Lachin.
XS
SM
MD
LG