Accessibility links

Breaking News

Tanpèt Nèj la Paralize Vòl Avyon Nan Reagan National ak Nan Dulles-Washington International Airports


Tou Kontwòl la nan Reagan National Airport nan Washington (foto achiv)
Tou Kontwòl la nan Reagan National Airport nan Washington (foto achiv)
2 prensipal ayewopò ki desèvi kapital federal ameriken an, Washington, DC, (Dulles International Airport ak Reagan National Airport) pap fonksyonen e petèt pra l rete fèmen pou kèk èd'tan ankò akoz pakèt nèj ki tonbe sou rejyon an dapre sa otorite ki kontwole trafik aeryen (trafik avyon) nan rejyon an fè konnen.

Si pis aterisaj yo rete louvri nan ayewopò Baltimore-Washington Marshall International Airport, responsab yo anile anpil vòl. Maten jedi 13 fevriye a tèminal ayewopò entènasyonal "Washington Dulles International Airport la", te vid.

Vè 8:30 a.m. plis pase 10 santimèt nèj te tonbe sou Dulles, tandiske previzyonis yo predi plis toujou kapab tonbe pandan lajounen an. Apre Dulles fèmen pis aterisaj li yo maten an a sizè eka (6:15) otorite yo te mande kèk vòl entènasyonal ki te dwe poze nan Dulles chèche lòt pis pou y al poze.

Pa egzanp, yon avyon ki te sòti Dubai, te wè yo mande l al poze nan Chicago, Eta Illinois. Yon lòt vòl Emira Arab Ini te oblije al ateri nan Pittsburg, Pennsylvania . Dènye avyon ki te poze sou pis la se te yon avyon ki te sòt Afrik Di Sid, kote tanperati a te 81 degre santigrad, swa 30 degre C.

Malgre sitasyon malouk sa a, 250 anplwaye yo konsidere kòm "esansyèl" te oblije sou plas pou fè travay yo: mentni operasyon yo e prepare repriz vòl yo. Plizyè ladan yo te pase nwit yo nan tèminal la.

Konvwa kamyon pou deneje (retire nèj) pis yo ap fè va e vyen sou pis aterisaj ant diferan tèminal yo, men nèj la ap tonbe tèlman rapid li rann li difisil it was difficult pou kite wout yo ak pis yo pwòp.
XS
SM
MD
LG