Accessibility links

Breaking News

François Hollande nan Washington - Premye Vizit yon Prezidan Fransè Ozetazini nan Preske 20 Tan.


Prezidan Barack Obama (adwat) ak Prezidan Francois Hollande anvan yo te pran lapawòl aprè yon vizit, lendi 10 fevriye 2014 la, nan rezidans Thomas Jefferson nan Monticello, nan vil Charlottesville, Eta Vijini. (Foto: 10 fevriye 2014).
Prezidan Barack Obama (adwat) ak Prezidan Francois Hollande anvan yo te pran lapawòl aprè yon vizit, lendi 10 fevriye 2014 la, nan rezidans Thomas Jefferson nan Monticello, nan vil Charlottesville, Eta Vijini. (Foto: 10 fevriye 2014).
Prezidan fransè a François Hollande, rive sou 2èm jounen yon vizit ofisyèl Ozetazini. Prezidan Barack Obama ap ofri yon dine donè pou li madi swa nan Washington.

Lidè ameriken an ap resevwa Misye Hollande nan kad premye vizit deta yon prezidan fransè ap fè Ozetazini depi ane 1996. Nan yon tèt-a-tèt 2 chèf deta yo genyen sou pwogram yo, yo pral santre atansyon yo sou kesyon tankou negosyasyon sou pwogram nikleyè Iran an, sitiyasyon an nan Siri, efò pou konbat teworism sou kontinan afriken an, komès, kesyon ekonomik ak chanjman klimatik yo.

Nan jounen lendi a, Prezidan Obama te akonpaye Misye Hollande nan yon vizit nan kay pèsonèl 3èm prezidan ameriken an, Thomas Jefferson, ki rele Monticello e ki sitye nan Eta Vijini. Lafrans te pote yon gwo apui bay efò revolisyonè ameriken yo te fè pou yo pran endepandans yo e kreye peyi ki rele Lèzetazini an. Thomas Jefferson se prensipal teyorisyen ki te ekri Deklarasyon Endepandans amerikèn nan e se 2èm anbasadè Lèzetazini nan vil Pari kote li te dirije misyon diplomatik amerikèn nan ant 1785 e 1789, swa jous Revolisyon Fransèz la te kòmanse.

Pandan Prezidan Obama ak Misye Hollande te nan Monticello, lidè ameriken an di “Monticello reprezante yon pati enkwayab” nan relasyon ant Lèzetazini ak Lafrans; yon relasyon ki te ede Revolisyon Amerikèn nan, menm jan li te gen gwo enfliyans sou Revolisyon Fransèz la. Prezidan Obama ajoute:

“Lè nou kòmanse vizit nou an konsa, nou espere voye yon kout-je sou jenerasyon pase yo pou n wè ki kalite rapò ki te egziste ant Lèzetazini ak Lafrans. Demen, nou pral gen okazyon pou n pale non sèlman de rapò ak alyans aktyèl nou yo, men tou nou pral abòde fason pou n ranfòse kowoperasyon nou nan lavni.”

Misye Obama te kontinye pou l di Monticello reprezante tou sa l konsidere kom “istwa konplike” relasyon ant Lèzetazini ak Lafrans, menm jan li reprezante istwa konplike rapò Thomas Jefferson ak lesklavaj. Daprè prezidan ameriken an, sa dwe raple nou enpòtans nesesite pou n kontinye batay pou n defann dwa tout moun.
Prezidan fransè a, Francois Hollande, raple tou rapò ki makònen istwa 2 peyi yo, e li ensiste sou enpòtans konba Lèzetazini ak Lafrans deja livre --e dwe kontinye livre-- pou yo defann libète, diyite imèn ak dwamoun, pandan yap chache ranfòse relasyon yo. Misye Hollande di :

“ Nou te alye pandan epòk Jefferson ak Lafayette la; e nou rete alye jous jounen jodi a. Nou te zanmi nan epò Jefferson ak Lafayette la; e nap rete zanmi pou tout tan va gen tan. »

Sou pwogram rankont Prezidan Hollande ak Prezidan Obama pral fè madi, genyen diskisyon sou kwasans ekonomik ak kòmès ant Lèzetazini ak Inyon Ewop-la –pami tèm diskisyon sa yo, nou jwenn negosyasyon sou kreyasyon sa 2 pati yo rele « yon patenarya trans-atlantik sou komès ak envestisman », ranfòsman zòn ewo a, epi efò ki dwe fèt pou fè fas ak chanjman klimatik yo.

Prezidan Hollande envite Misye Obama fè yon vizit an Frans nan mwa Jen 2014 la nan okazyon 70èm anivèsè Jou J-a, swa jou kote fòs alye yo, avèk sòlda ameriken an tèt, te debake nan Normandie, an Frans, pou yo te kòmanse liberasyon Lafrans anba men lame nazi a. Lafrans genyen tou pou l sèvi kòm peyi òganizatè yon konferans sou chanjman klimatik yo nan ane 2015. 2 prezidan yo di yo pran angajman pou yo sèvi kòm lidè mondyal nan lit pou konbat chanjman sa yo.
XS
SM
MD
LG