Accessibility links

Breaking News

Pwotestasyon nan Wanament/Yon Koudèy tou Nèf sou Sitiyasyon an


UN-Haiti
UN-Haiti
Ann Ayiti, delege depatmantal Nòdès la, Hugo Charles, mande popilasyon an gade kalm li e pran pasyans ann atandan finisman travay kap fèt pou rekonekte vil la ak rezo elektrik Karakòl la.

Misye Charles, ki pale ak Lavwadlamerik, fè konnen fòs espesyalize lapolis retabli kalm nan vil Ouanaminthe kote popilasyon an, ki nan blakawout, manifeste pou mande konpayi elektrik Leta a (ED'H, ou Elektrisite Dayiti) retabli kouran an.

Daprè nouvèl yo, konfwontasyon ant lapolis ak manifestan te lakoz omwen 6 moun blese pa bal nan jounen lendi 20 janvye 2014 la. Enfòmasyon tou nèf fè konnen sitiyasyon an pa amelyore nan jounen madi 21 janvye 2014 la.

Klike sou « koute » pou w swiv yon pati nan yon entèvyou Jean-Pierre Leroy fè avèk Hugo Charles sou sitiyasyon an nan Wanament, plis yon sesyon kesyon-repons ant Jean Robert Philippe ak jounalis Rolex Mompremier ki baze nan vil la.
XS
SM
MD
LG