Accessibility links

Breaking News

Etazini/Ayiti-Kowoperasyon: Washington Fè Pòtoprens Kado 12 Bato ak 12 Machin

Pamela Ann White, Anbasadris Lèzetazini ann Ayiti ... (Foto: Depatman Deta).
Pamela Ann White, Anbasadris Lèzetazini ann Ayiti ... (Foto: Depatman Deta).
Chèf misyon diplomatik Etazini an ann Ayiti, Pamela White, remèt otorite Ayiti yo 12 bato ak 12 machin kom asistans peyi li nan jounen jedi a.

Anbasadris White prezante asistans sa a nan non kòmandman sid lame amerikèn nan. 2 minis ayisyen te prezan nan seremoni an ki te dewoule nan anbasad amerikèn nan : se David Bazile (Enteryè) ak Jean-Renel Sanon (Jistis).

Klike sou “Koute” pou w swiv yon repòtaj sou seremoni remiz don sa a avèk Lyonel Desmarattes.
XS
SM
MD
LG