Nan peyi Lejip, rezilta preliminè yo montre elektè yo apwouve yon referandòm sou yon nouvo konstitisyon. Otorite yo ak près ofisyèl la pale pou di rezilta sa yo montre plis pase 90 pousan moun ki te sòti al jete bilten nan referandòm sa a ki te dewoule sou 2 jou, vote « Wi » pou yon nouvo konstitisyon. Se gouvènman kap fonksyone ak apui lame ki te mete dokiman an devan pèp la. Ashraf Sidhom se youn nan elektè ki vote “wi” yo. Li presize poukisa li vote nan sans sa a.
“Ebyen, mwen vote « wi » pou konstitisyon an e pou jeneral Al-Sisi, minis defans la. Mwen vote konsa pou peyi a kapab gen stabilite ak pwogrè.”
Depi byen lontan anvan dewoulman vòt la, obsèvatè yo te prevwa referandòm nan ta pral jwenn yon gwo apui popilè. Dènye rezilta ofisyèl yo kapab parèt anvan fen semèn nan.
Pou sa ki konsène 2èm jou referandom nan (mèkredi 15 janvye 2014 la), obsèvatè entènasyonal ki te sou plas rapòte preske tout bagay pase san iregilarite. Sepandan, pou premye jou vòt la (madi pase a) lese-frape ki te genyen ant patizan ak opozan prezidan dechouke a, Mohamed Morsi, te lakoz lanmò 9 moun pou pi piti. Jeb Ober, se manm yon delegasyon obsèvatè ki sòti nan Oganizasyon Demokrasi Entènasyonal. Li fè konnen :
« A la fen dè fen, se pèp ejipsyen an ki pral deside si wi ou non, referandòm nan te lejitim. Sa nou ka fè, nou menmn, se bay enfòmasyon sou jan pwosesis la dewoule e plase li nan kontèks li ; se ofri yon evalyasyon sou sitiyasyon an epi fè rekòmandasyon sou fason Lejip kapab avanse sou wout demokrasi a. »
Nouvo konstitisyon an pral ranplase yon manman-lwa pwo-islamik gouvènman Morsi a te patwone nan lane 2012. Li elimine tout dispozisyon kontitisyonèl ki pale de enfliyans islamik nan peyi a ; li bay medam yo plis dwa pou yo patisipe nan zafè Leta, tandiske li ranfòse pouvwa militè yo.