Accessibility links

Breaking News

Ayiti Make 4èm Anivèsè Tranblemanntè 12 Janvye 2010 la


Palè Nasyonal ayisyen an, jan li te ye aprè tranblemanntè 12 janvye 2010 la
Palè Nasyonal ayisyen an, jan li te ye aprè tranblemanntè 12 janvye 2010 la
Ann Ayiti, gouvènman an, sosyete sivil la ak divès òganizasyon mete aktivite apwopriye sou pye pou atire atansyon sou sa ki fèt e ki pa fèt nan peyi a depi tranblemanntè 12 janvye 2010 la.

Nan okazyon 4èm anivèsè gwo soukous la, Prezidan Michel Martelly komemore dat la nan yon seremoni ki dewoule sou Channmas kote li onore memwa moun ki te viktim tranblemanntè a. Chèf deta a di 12 janvye se yon dat Ayisyen dwe komemore sou tèm "Ann selebre lavi". Misye Martelly repete angajman gouvènman li a pran pou l kontinye travay nan enterè popilasyon an.

Yon lòt kote, youn nan òganizasyon fanm ki manke 4èm anivèsè tranblemanntè 12 Janvye 2010, Solidarite Fanm Ayisyen (SOFA), te mete sou pye yon seremoni pou fè konpliman pou tout militan ki te viktim pandan pasaj soukous la. Anfen, divès òganizasyon nan Sosyete Sivil la make fason pa yo 4 tran depi tranblemanntè a te devaste kapital Ayiti a, Pòtoprens, ak kèk vil pwovens tankou Leyogàn, Ti Gwav, Gran Gwav ak Jakmèl.

Klike sou « Koute » pou w tande deklarasyon Prezidan Martelly fè nan okazyon 4èm anivèsè tranblemanntè 12 Janvye 2010. Nou va tande tou opinyon pòtpawòl Solidarite Fanm Ayisyen (SOFA), Marie France Joachim, sou sa ki -dapre li- ta dwe fèt e ki pa fèt ann Ayiti depi gwo kokenn soukous la te pase, plis yon repòtaj korespondan nou Orpha Dessources sou yon mouvman pwotestasyon kèk òganizasyon Sosyete Sivil la te mete sou pye nan jounen dimanch 12 janvye 2014 la.
XS
SM
MD
LG