Otorite nan peyi Afganistan fè konnen yon machin pyeje ki eksploze touye 6 moun pou pi piti nan kapital la, Kaboul, kèk èdtan sèlman aprè Prezidan ameriken an, Barack Obama, te kite vil la aprè yon vizit otorite yo pat anonse davans.
Daprè lapolis nan Kaboul, eksplozyon mèkredi a rive tou prè wout Jalalabad la, prensipal wout moun itilize pou yo ale nan pati lès peyi a. Sanble atak la te vize yon zòn ki genyen gwo pwoteskyon e ki rele “vilaj vèt la” kote ou jwenn plizyè santèn kowoperan ak anplwaye òganizasyon entènasyonal.
Otorite yo di atak la touye 5 sivil ak yon gad sekirite. Fòs l’OTAN ak sòlda afgan te sentre bas atakan yo e yo touye yo tout.