Accessibility links

Breaking News

Travayè nan Lemond Make Fèt Travay la ak Parad epi Demand pou pi Bon Kondisyon Travay


Plizyè dizèn milye travayè pran lari nan plizyè vil nan lemond pou yo make jounen entènasyonal travay la.

Yo òganize defile kote yo lanse apèl pou yo mande pi bon kondisyon travay. Nan Larisi, prezidan eli a, Vladimir Putin, pote kole ak plizyè dizèn milye moun ki patisipe nan yon defile atravè vil Moskou.

Prezidan sòtan an, Dimitry Medvedev, te prezan nan mach sa a kote patisipan yo pote yon gwo pannkat ki gen sou li eslogan ki apiye sendika travay yo ak travayè endistri yo.

Ozetazuni manifestan ki okipe depi kèk mwa deja lari ou byen plas piblik nan divès vil gen pwojè pou yo òganize mouvman pwotestasyon nan New York pou yo bloke yon gwo pon epi fèmen kèk mezon finansye nan Wall Street nan okazyon jounen entènasyonal travay la.
XS
SM
MD
LG