An Ayiti, responsab meteyo yo mande popilasyon an rete vijilan nan moman lapli kontinye ap tonbe sou tout peyi a. Daprè dènye nouvèl yo, bilan moun ki mouri yo ogmante pou l rive 10. Otorite yo lanse yon alèt oranj ki mande moun kap viv pre kouran dlo yo deplase pwovizwaman. Direktè Sant Nasyonal meteyo a, Ronald Semelfort, di alèt sa a konsènen tou lè 10 depatman jewografik peyi a.
Ann Ayiti, Move Tan Koze Lanmò 10 Moun, daprè Dènye Bilan an