Devan vyolans kap sakaje peyi Soudan Sid la, Lèzetazini anonse tout manm Konsèy Sekirite Oganizasyon Nasyon Zini yo apiye yon pwopozisyon ki mande pou l’ONU voye 5 mil 500 sòlda mentyen-lapè nan peyi afriken sa a pou pwoteje popilasyon sivil la anba zak vyolans yo kap vin pi malouk chak jou. Samantha Powell se anbasadris amerikèn nan l’ONU. Li pale pou l di:
« Nou plis ke dispoze pou n travay ak Sekretarya a e ak peyi ki akspete voye sòlda laba a, menm jan nou vle travay ak lòt eta-manm yo pou n garanti ke misyon an genyen tout sa l bezwen, tout resous ki nesesè pou l akonpli manda li. Se poutèt sa, Lèzetazini fèk fè sikile yon pwojè-rezolisyon ki reponn rekèt Sekretè Jeneral la ki mande pou nou ogmante efektif fòs mentyen lapè ki nan Soudan Sid la.”
Vrèmanvre, Konsèy Sekrite l’ONU an gen pou l vote madi aprè-midi sou yon pwojè-rezolisyon ki mande pou òganizasyon mondyal la otorize transfè twoup li genyen lòt kote sou kontinan afriken an epi pèmèt yo ale pran pozisyon sou tèritwa sid-soudanè a aprè yon apèl Sekretè Jeneral Ban Ki-moon te lanse nan sans sa a. Nan apèl sa a, Misye Ban deklare :
“Sitiyasyon an ap vin pi ijan chak jou. Mwen gen kè-sote espesyalman akoz nouvèl ki fè konnen moun ap touye moun akoz gwoup etnik yo, akoz ras yo. Plizyè dizèn milye moun kouri kite zòn kote yo tap viv la --pami yo, genyen 45 mil ki kouri al chaje refij nan baz misyon nou an nan Soudan Sid.”
Bò kote pa l, prezidan sid-soudanè a, Salva Kiir, te pran lapawòl lendi 23 desanm 2013 la pou l di li dispoze fè chita-tande avèk ansyen vis prezidan li a, Riek Machar, san l pa poze kondisyon davans. Misye Kiir fè deklarasyon sa a pandan li tap patisipe nan yon rankont ak anvwaye espesyal Nasyon Zini nan Soudan Sid la, Donald Booth.
Kantapou ansyen vis prezidan an, Misye Machar, li menm tou, li pale ak laprès nan menm jounen lendi a pou l fè konnen li twò dispoze patisipe nan yon dyalòg imedyatman ; men se si –e sèlman si- Prezidan Kiir libere tout lidè opozisyon an gouvènman n nan fè prizonye yo. Riek Machar di:
« Seselfe toujou fè pati yon negosyasyon. Men sa pa kapab fèt nan telefòn oubyen atravè navèt diplomatik. Sa mande pou 2 ekip yo chita ansanm epi diskte. Sa fè pati dyalòg la e pou yon dyalog bay bon rezilta, sa mande dabò pou nou chita ansanm. Yon kanpo nan ostilite yo mande posiblite pou nou verifye ke vrèman batay yo kanpe; e travay sa a, se pa yon sèl pati ki pou fè l. Okenn nan 2 kan yo pat kwè lòt la, si gen youn ki pa aksepte kondisyon sa a e si pa gen mwayen pou n verifye ke tout moun respekte akò nou jwenn nan. »
Prezidan Kiir -ki sòti nan ras Dinka- repwoche ansyen vis prezidan Machar –ki sòti nan ras Nouèr- deske li te pran tèt yon mouvman pou swadizan ranvèse gouvènman an…. yon tantativ ki te pwovoke vyolans nan jounen 16 desanm pase a. Sa te debouche sou yon seri de batay ki koze lanmò plizyè santèn moun.