Lapli ki kontinye ap tonbe nan plizyè depatman peyi Dayiti debouche sou inondasyon ak glisman teren.
Sèvis Meteyo ann Ayiti lanse yon eta dalèt oranj nan plizyè depatman nan moman la pli kontinye ap tonbe. Alèt oranj lan vle di gen risk gwo lapli, eboulman, ak inondasyon.
Direktè sant nasyonal meteoloji peyi a Ronald Semelfort fè evalyasyon ki pi resan pou Lavwadlamerik sou kesyon an.
Li pale pou l di toujou genyen yon nivo de vijilans alèt oranj pa rapò ak lapli k ap kontinye tonbe e ki kontinye bay inondasyon ak glisman teren. Mesye Semelfort kontinye pou l di gen moun ki pèdi lavi yo nan diferan depatman peyi a paske yo t ap eseye travèse rivyè e li konseye popilasyon an pou l fè atansyon e evite zòn ki gen glisaman teren yo.