Accessibility links

Breaking News

Etazini-Eleksyon: Newt Gingrich ap Kite Kous la


Yon pòtpawòl Newt Gingrich, ansyen Prezidan Chanm Depite ameriken an, anonse kandida a pral mete fen ofisyèlman semèn k ap vini a nan kanpay li pou envestiti pati Repibliken an nan kad eleksyon prezidansyèl mwa novanm ane sa a.

Pòtpawòl la di apre mesye Gingrich sispann kanpay li, li pral soutni ansyen gouvènè Eta Massachussetts Mitt Romney ki, pratikman pral kandida pati konsèvatè a devan prezidan Barack Obama.

Misye Romney te telefone misye Gingrich ---yon jou apre viktwa li nan 5 eta nan rejyon Nòdès Etazini: Connecticut, Delaware, Rhode Island, Pennsylvania ak New York. Ansyen prezidan Chanm reprezantan an admèt misye Romney pratikman ranpòte nomisasyon Pati repibliken an.

Li deklare:
"Nèg la te travay pandan 6 zan pou l mete sou pye yon kokenn machinn (elektoral) e li reyalize yon bèl kanpay. Mwen panse, sensèman, ke m t ap yon meyè kandida men sa ki klè, sè ke elektè yo pa wè l konsa. Mwen panse tou ke l trè, trè’ zenpòtan pou n ini. Anyen pa ta dwe anpeche ni okenn konsèvatè Ozetazini pa dwe genyen okenn dout sou enpòtans pou n kale Barack Obama."
XS
SM
MD
LG