Accessibility links

Breaking News

6 Moun Mouri nan 2 Eksplozyon Separe nan Nigeria


Nan Nigeria, otorite yo fè konnen eksplozyon ki eklate nan biwo yon jounal nan kapital peyi a touye 3 moun, tandiske gen yon lòt eksplozyon ki fèt tou pre menm biwo jounal la nan vil Kaduna ki touye 3 lòt moun pou pi piti.

Otorite yo di premye eksplozyon an ki fèt se nan biwo “this Day” nan Abuja youn nan jounal nasyonak ki pi enfliyan nan Nigeria. Yon rezidan lokal di Lavwadlamerik eksplozyon an te souke kay li a nan zòn 11 zè di maten.
XS
SM
MD
LG