Accessibility links

Breaking News

Ikrèn-Larisi: Rankont Prezidan Yanukovych ak Prezidan Putin


Prezidan Ikrenyen an, Viktor Yanukovych, rankontre nan Moskou avèk prezidan ris la, Vladimir Putin, pou yo fè chita-tande ki ka debouche sou yon prè lajan Larisi pouIkrèn epi yon bès nan pri gaz ris la nan moman opozisyon an nan Kyèv, kapital Ikrèn nan, gen plan pou l fè plis manifestasyon an favè Inyon Ewòp la.

Manifestasyon sa yo te kòmanse sa gen yon mwa lè Misye Yanukovych te refize siyen yon akò avèk Inyon Ewòp la ; li prefere rapwochman pito avèk Larisi.
Daprè yon pwòch kolaboratè Prezidan Putin, chita-tande yo ka debouche sou yon gwo prè ris pou Ikrèn ; yon minis ikrenyen di li posib tou pou 2 peyi yo siyen yon akò pou desann pri gaz Moskou ap vann ak Kyèv.

Pati ki sou pouvwa a nan Ikrèn mande yon gwo remaniman nan kabinè ministeryè la nan kad yon rechèch chanjman nan tèt pouvwa a ki ka kalme mouvman pwotestason kap dewoule depi kèk jou an favè Inyon Ewòp la.
XS
SM
MD
LG