Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon : CTCEP a Pare pou l Fè Balon Elektoral la Woule


Ann Ayiti, Kolej Tranzisyon Konsèy Elektoral Pèmanan an (CT-CEP) anonse ,nan dat lendi 16 desanm 2013 la, kèk modifikasyon nan pre-kalandrye elektoral la. Prezidan CT-CEP-a, Emmanuel Ménard, di Lavwadlamerik enskripsyon pou anrejistreman pati politik yo toujou ouvè e li envite pati nan opozisyon yo antre nan pwosesisla.

Yon lòt kote, aprè piblikasyon lwa elektoral la nan jounal ofisyèl la, Le Moniteur, majorite reyaksyon laprès anrejistre, se reyaksyon pozitif kote pèsonalite ki bay opinyon yo twouve se yon pa nan bon direksyon an. Se opinyon, antwòt, Doktè Georges Michel, jounalis, istoryen e ansyen konstitiyan ayisyen.

Klike sou « Koute » pou w tande Misye Ménard nan mikwo Jean-Pierre Leroy epi Doktè Michel nan mikwo Lyonel Desmarattes.
XS
SM
MD
LG