Accessibility links

Breaking News

In Memoriam: Lèzetazini Sonje Viktim Kout-Fizi Lekòl Newtown nan, nan Eta Connecticut


Nan Washington, D.C., otorite yo te òganize, jedi 12 desanm 2013 la, yon veye nan memwa 26 moun ki te mouri anba bal sa genyen yon lane nan youn nan pi move zak-fiziyad ki fèt nan yon lekòl Ozetazini.

Responsab relijye yo nan Katedral Nasyonal la, ki nan kapital peyi a, te chante yon mès pou, antwòt, manm fanmi 20 timoun ak 6 granmoun ki te mouri anba bal nan yon lekòl nan vil Newtown, nan eta Connecticut, nan dat 14 desanm 2012. Pè Gary Hall, youn nan responsab Catedral Nasyonal la, te pwofite pou l lanse yon apèl pou plis sekirite toupatou pou popilasyon amerikèn nan .

Pè Hall di : "Nan moman nou rasanble jodi a pou n sonje timoun ak granmoun ki te mouri sa gen preske yon lane, nou menm nan kominote kretyèn sa-a, nou repete angajman nou ak konviksyon nou pou sal de klas Ozetazini, tout kote moun ap travay nan peyi a ak lari vil nou yo kapab gen plis sekirite pou timoun nou yo, pou fanmi nou yo e pou zanmi nou yo."

Moun ki te komèt masak sa a nan vil Newtown, nn Eta Connecticut, se yon jèn gason 20 tan ki te rele Adam Lanza ; apre sa misye te mete fen nan pwòp vi pa l. Lamezon Blanch ap onore memwa viktim yo ak yon moman silans samdi 14 desann nan, jou kap fè yon lane jou pou jou depi trajedi sa a te dewoule.
XS
SM
MD
LG