Accessibility links

Breaking News

Tayland - Politik: Premye Minis Shinawatra Anonse Eleksyon Antisipe


Nan Tayland, Premye Minis Yingluck Shinawatra anonse li pral disoud palman an epi òganize eleksyon antisipe aprè plis pase yon mwa manifestasyon anti-gouvenmantal nan kapital la, Bangkok. Nan yon diskou ki pase sou televizyon nan jounen lendi 9 desanm 20l13 l, lidè tailandè a di li dispoze kite pèp la deside avni peyi a.

Sepandan dirijan pati demockat la ki nan opozisyon-an, Suthep Thaungsuban, fè konnen li pa pral mete fen nan manifestasyon yo e lap kontinye ak plan defile ki pral abouti devan biwo Madan Yingluck la. La polis fè konnen plizyè dizèn milye pwotestatè deja rasanble devan biwo gouvenman an.

Palmantè opozisyon an bay demisyon yo an mass nan jounen dimanch 8 desanm nan. Premye Minis Yingluck -ki tap pale nan menm dimanch la- deklare lap pwograme eleksyon antisipe yo si e sèlman si manifestan anti-gouvènmantal pran angajman pou yo aksepe rezilta yo. Pati chèf gouvènman an di li pral patisipe nan nouvo eleksyon yo.

Lidè opozisyon yo, bò kote pa l, fè konnen yo pap poze kandidati yo toutotan Madan Yingluck pa kite pouvwa a epi remèt kontwòl zafè Leta a bay yon KNGP –swa yon konsèy nasyonal gouvènman popilè ki pa sòti nan eleksyon.
XS
SM
MD
LG