Accessibility links

Breaking News

Dechoukaj yon Estati Lenin nan Peyi Ikrèn


Patizan antre peyi Ikrèn nan Inyon Ewòp la reponn prezan nan yon gwo kokenn miting sou Plas Endepandans la nan mitan kapital la, Kyèv (dimanch 8 decsanm 2013).
Patizan antre peyi Ikrèn nan Inyon Ewòp la reponn prezan nan yon gwo kokenn miting sou Plas Endepandans la nan mitan kapital la, Kyèv (dimanch 8 decsanm 2013).
Nan Ikrèn, manifestan anti-gouvènmantal dechouke yon estati fondatè eta sovyetik la, Vladimir Lenin, ki te nan vil Kyèv, kapital la ki nan sant peyi a, pandan dènye an dat nan yon seri manifestasyon popilè kap fèt kont gouvènman Prezidan Viktor Yanukovych la.

Plizyè santèn milye moun --ki tap ajite drapo Inyon Ewòp la ak drapo ikrenyen an-- te reyini sou plas endepandans Kyèv la pou yo pwoteste kont desizyon gouvènman an pran pou l pa siyen yon akò komès avek Inyon an, paske li prefere siyen yon akò konsa avèk Larisi pito.
XS
SM
MD
LG