Accessibility links

Breaking News

Trankilite Kòmanse Retounen nan Repiblik Santrafrikèn


Sòlda fransè ap fè patwouy nan yon ri nan vil Bangi, kapital Repiblik Santrafrikèn (Foto: 8 desanm 2013).
Sòlda fransè ap fè patwouy nan yon ri nan vil Bangi, kapital Repiblik Santrafrikèn (Foto: 8 desanm 2013).
Laprès rapòte, dimanch 8 desanm 2013 la, yon kalm relatif nan kapital Repiblik Santrafrikèn nan, Bangi, nan moman plizyè santèn sòlda fransè ap fè patwouy nan lari yo aprè zak vyolans ki koze lanmò plis pase 400 moun.

Prezidan peyi a, Michel Djotodia, bay yon konferans pou laprès kote li fè konnen twoup ki rete fidèl anvè li yo pral retounen nan kazèn yo epi kite kontwòl sekirite a nan men militè fransè yo. Bò kote pa l, prezidan fransè a, François Hollande, anonse, nan menm jounen dimanch la, peyi li ap voye an tou 1600 sòlda patisipe nan fòs mentyen-lapè l’ONU ap mete sou pye pou peyi afriken an –swa 400 zòm an plis efektif Pari te anonse o-kòmansman an.

Repiblik Santrafrikèn te tonbe nan tyouboum aprè rebèl mouvman Seleka yo te ranvèse gouvènman Prezidan François Bozize a nan mwa mas 2013 la.
XS
SM
MD
LG