Nan Afganistan, Prezidan Hamid Karzai deklare li vle rete tann dewoulman eleksyon prezidansyèl ki fikse pou avril 2014 la, anvan li siyen yon nouvo akò sou sekirite avèk Lèzetazini.
Nan yon entèvyou avèk Radyo Ewòp Lib/Radyo Libète –yon chèn medya kap opere avèk finansman Lèzetazini- Misye Karzai fè konnen li rekonèt akò sa a se yon antant ki nan enterè siperyè peyi Afganistan. Sepandan, anvan pou l siyen li, Lèzetazini fèt pou sispann lanse atak sou kay sitwayen aftgan yo, epi Washington dwe pote konkou l nan efò kap fèt pou relanse negosyasyon lapè ki kanpe depi kèk tan deja.
Misye Karzai repete tou apèl li te lanse pou l mande Lèzetazini pa mele nan eleksyon avril pwochen an. Grand Asanble dè Zansyen afgan yo --ki rele Loya Jirga-- te bay Prezidan Karzai konsèy pou l prese siyen akò a, ki mande pou twoup militè ameriken rete nan Afganistan menm aprè ane 2014 la pou yo ede gouvènman an nan lagè lap mennen kont Mouvman Taliban an.