Accessibility links

Breaking News

France-Eleksyon: Sosyalis François Hollande Ranpòte Premye Tou


Kandida Pati Sosalis fransè a, François Hollande, ap pran yon ben foul
Kandida Pati Sosalis fransè a, François Hollande, ap pran yon ben foul
Nan peyi Lafrans, rezilta ofisyèl eleksyon prezidansyèl ki dewoule dimanch 22 avril 2012 la montre kandida sosyalis François Hollande ak prezidan sòtan an, konsèvatè Nicolas Sarkozy, gen pou ale nan yon dezyèm tou. Dènye chif yo montre misye Hollande ranpote 28 pou san vwa yo, tandiske misye Sarkozy ranpòte 27 pou san.

Gen 8 kandida ki elimine. Sepandan, kandida ekstrèm dwat la, Marine Lepèn, bay obsèvatè politik kap fè pwonostik yo yon gwo sipriz lè manmzèl fini kous la nan 3èm pozisyon avèk plis pase 18 pousan vwa yo. Se premye fwa pati li a (Front Nasyonal la, yon kreyasyon papa li, Jean Marie Le Pèn) monte byen wo konsa nan rezilta yon eleksyon. Miss Le Pèn pale pou l di anvan lontan li va fè patizan l yo konnen nan ki sans pou yo vote nan 2èm tou a.

Malgre tou, Prezidan Sarkozi toujou gen espwa li va kapab remonte pant la. An tou ka, nan tout istwa Lafrans modèn, se premye fwa yon prezidan an plas pèdi yon premye tou. Li te pran lapawol yè swa pou l di sitwayen fransè yo li konprann yo. Daprè li, rezon li fè majorite pèp la vote kont li, se akoz kè-sote fransè yo genyen pou sekirite travay yo ak entegrite fwontyè peyi a ki, daprè yo, sanble pa byen pwoteje kont imigran endezirab. Misye Sarkozy espere sa pral chanje nan 2èm tou a.
XS
SM
MD
LG