Prezidan ayisyen an, Michel Martelly, konvoke Chanm Depite a pou yon sesyon ekstwòdinè pou dat 22 novanm 2013 la pou Depite yo vote sou pwojè-lwa elektoral la.
Anvan Misye Martelly kite Ayiti mèkredi 13 novanm nan pou yon vizit nan Lajamayik --kote li pral chache ranfòse rapò kowoperasyon ant 2 peyi karayib yo-- li bay yon konferans pou laprès kote li fè konnen li pran kontak ak divès sektè nan vi nasyonal la nan kad rechèch pi bon mwayen pou l fè pwosesis elektoral la avanse.
Nap siyale lidè ayisyen an resevwa anpil kritik poutèt reta li pran pou l konvoke Depite yo alòske Sena a gen lontan depi li te adopte yon vèsyon pwojè-lwa a ki pa koresponn ak sa Chanm Bas la te vote a.
Klike sou “Koute” pou plis presizyon avèk korespondan nou nan Pòtoprens Rotchild Francois Jr.