Accessibility links

Breaking News

Espas: La Naza Remize Discovery


Navèt espasyal Discovery (ke Ajans Espasyal Ameriken an (Nasa) remize apre tout bon sèvis li rann pwogram espasyal Lèzetazini an) ateri nan ayeyopò Entènasyonal Dulles la, nan Eta North-Virginia, anvan l al pran retrèt li nan mize Lè ak Lespas la toupre Washington, DC.

Apre 28 lane sèvis, Discovery, dekole maten an nan Sant Espasyal Kennedy a (Eta Florid) sou do yon Boeing 747 La Naza ki ekipe espesyalman pou l transpòte navèt yo.
Anvan aterisaj li, veso espasyal la te fè sou kapital federal amerikèn nan, kote li pase sou tèt gwo plas piblik yo rele “National Mall la”, anfas lokal Palman an.

Anpil sitwayen ameriken k ap travay nan sant vil la ak rejyon alantou yo te kite biwo-yo pou ya l pran foto Discovery e wè li yon dènye fwa nan lèzè.

Lè l va kite ayewopò Dulles, navèt la va pran chimen Udvar-Hazy Center---ki fè pati Mize Lè ak Lespas la ke Enstiti Smithsonian ap administre.

Sa fè mwenske 1 an depi Discovery te fè dènye vwayaj li nan lespass.

Ane pase, La Nasa te deside remize tout flòt navèt li yo pou l santre atansyon li sou pwodiksyon nouvo jenerasyon veso espasyal ki pral fè typ vwayaj Navèt yo, sèta di vòl « bass altitid » nan òbit planèt tè a.
XS
SM
MD
LG